Dwa Moun Nasyon Zini

Entwodiksyon

Le nou konsidere ke mekonesans ak mepri pou dwa moun vinn zak atròs ki endiye konsyans imanite, epi emèjans yon mond kote zèt imen ta dwe ap jwi libète ekspresyon ak kroyans epi libète de la perèz ak anvi te vinn deklare kòm aspirasyon ki pi wo pou pèp la.
Le nou konsidere ke mekonesans ak mepri pou dwa moun vinn zak atròs ki endiye konsyans imanite, epi emèjans yon mond kote zèt imen ta dwe ap jwi libète ekspresyon ak kroyans epi libète de la perèz ak anvi te vinn deklare kòm aspirasyon ki pi wo pou pèp la.
Le nou konsidere ke li esansyèl, si lòm pa oblije gen rekou, kòm yon denye chans, pou li revolte kont tirani ak opresyon, ke règ lwa ta dwe proteje dwa moun.
Le nou konsidere ke li esansyèl pou ankouraje devlopman relasyon zanmitay ant nasyon yo.
Le nou konsidere ke moun Nasyon Zini yo reafime nan Konstitisyon an la fwa yo nan dwa moun fondamantal, nan diyite ak vale moun imen epi nan dwa egal ego gason ak fanm epi detèmine pou ankouraje pwogrè sosyal ak meyè nòm de vi sou libète jeneral.
Le nou konsidere ke Manm Deta yo te angaje yo pou realize, nan kolaborasyon ak Nasyon Zini, pwomosyon respè inivèsèl pou e ak respè dwa moun epi libète fondamantal.
Le nou konsidere ke yon antant komen de dwa sa yo ak libète sa yo se pi gro enpòtans pou reyalizasyon total angajman sa.

Kounya, se poutet sa, Asanble Jeneral la Pwoklame Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun kòm yon nòm jeneral reyalizasyon pou tout moun ak tout nasyon, afen ke kelke swa endividi e kelke swa ògan sosyete a, toujou kenbe Deklarasyon sa nan tet yo, ta dwe lite pa ansèyman ak edikasyon pou defann respè pou dwa sa yo ak libète epi pa de mezi pwogresiv, nasyonal ak entènasyonal, pou sekirize rekonesans inivèsèl ak efikas epi respè, tou le de nan mitan moun Manm Deta yo menm nan mitan moun teritwa ki sou jiridiksyon yo a. 

Atik I 

Tout zèt imen fèt libe libè epi egal ego nan diyite ak dwa. Yo dote de rezon ak konsyans epi yo dwe aji anvè yon lòt nan lespri fratènèl. 

Atik 2 

Yo konfere chak moun tout seri dwa ak libète ki nan Deklarasyon sa, san distenksyon de okenn jan, tankou ras, koulè, sèks, lang, relijyon, politik oswa lòt opinyon, nasyonal oswa orijin sosyal, pwopriyete, nesans oswa lòt estati. Anplis de sa, pa gen distenksyon ki dwe fèt sou baz politik, jiridiksyonèl oswa estati entènasyonal de peyi oswa teritwa ki apatyen a yon moun, si li endepandan, fondasyon, li pa otonòm oswa li sou nenpòt ki lòt limitasyon souverènte. 

Atik 3 

Chak moun gen dwa a lavi, libète ak sekirite moun. 

Atik 4 

Pèsonn pa dwe detni an esklavaj oswa rèstavèk; esklavaj ak komès esklav dwe entèdi sou tout fòm yo. 

Atik 5 

Pèsonn pa dwe sijè a touman oswa kriyote, tretman inimen oswa degradan oubyen pinisyon. 

Atik 6 

Chak moun gen dwa a rekonesans antan ke moun devan la lwa nenpòt ki kote. 

Atik 7 

Tout egal ego devan la lwa e yo konfere yo pwoteksyon egal ego de la lwa san okenn diskriminasyon. Yo ba yo tout dwa ak pwoteksyon egal ego kont nenpòt ki diskriminasyon nan vyolasyon Deklarasyon sa epi kont nenpòt ki enstigasyon tankou diskriminasyon. 

Atik 8 

Chak moun gen dwa a yon solisyon efikas pa tribinal nasyonal konpetan an pou zak ki vyole dwa fondamantal ke konstitisyon an ak lwa a akòdel. 

Atik 9 

Pèsonn pa dwe sijè a arestasyon abitrè, detansyon oswa ekzil. 

Atik 10 

Chak moun gen dwa nan legalite total a yon odyans ekitab e piblik pa yon tribinal endepandan epi enpasyèl, nan deteminasyon dwa li yo ak obligasyon li yo epi de okenn chaj kriminèl kont li menm. 

Atik 11 

  1. Chak moun ke yo akize akòz yon enfraksyon kriminel gen dwa pou li deklare ke li inosan jiskaske la lwa pwouve ke li koupab nan yon pwosè piblik kote li te gen tout garanti nesesè pou li defann tèt li. 
  2. Pèsonn pa dwe detni kòm koupab de okenn enfraksyon penal sou kont kelke swa zak oswa neglijans ki pa yon enfraksyon penal, sou lwa nasyonal oswa entènasyonal, nan moman ke li te arete. Yo pa dwe non plis enpozè yon pèn lou ke sa yo te aplike nan moman ke enfraksyon penal la te komèt. 

Atik 12 

Pèsonn pa dwe sijè a enteferans abitrè ak privasitel, fanmil, kay li oswa korespondans li, ni atake onè li ak repitasyonl. Chak moun gen dwa a proteksyon la lwa kont jan de entèferans ak atak sa yo. 

Atik 13 

  1. Chak moun gen dwa a libète sikilasyon ak rezidans nan limit chak Eta. 
  2. Chak moun gen dwa pou kite nenpòt peyi, menm pa li a, epi retounen nan peyi li. 

Atik 14 

  1. Chak moun gen dwa pou li chache epi jwi azil kont pèsekisyon nan lòt peyi. 
  2. Dwa sa pa dwe envoke nan ka pouswit ki reyèlman soti de krim ki pa politik oswa de zak ki kontrè ak objektif e prensip Nasyon Zini. 

Atik 15 

  1. Chak moun gen dwa a yon nasyonalite 
  2. Yo pa dwe wete abitrèman nasyonalite pèsonn ni refizel dwa pou chanje nasyonalitel 

Atik 16 

  1. Gason ak fanm nan laj majè, san okenn limitasyon akòz de ras, nasyonalite oswa relijyon, gen dwa pou marye epi fonde yon fanmi. Yo konfere yo dwa egal ego a maryaj, pandan maryaj epi lè separasyon 
  2. Maryaj dwe enskri sèlman ak konsantman total e lib de konjwen ki vle yo. 
  3. Fanmi se yon group ini natirèl e fondamantal sosyete a epi sosyete ak Leta konferel pwoteksyon. 

Atik 17 

  1. Chak moun gen dwa a pwopriyete pa yo sèlman menm jan an tou an asosyasyon ak lòt moun. 
  2. Yo pa dwe wete abitrèman pwopriyete pèsonn. 

Atik 18 

Chak moun gen dwa a libète panse, konsyans ak relijyon; dwa sa gen ladanl libète pou chanje relijyonl oswa kwayans li, epi libètel, se swa poukont li oubyen nan kominite ak lòt moun epi an piblik oswa an prive, pou manifeste relijyonl oubyen kwayans nan ansèyman, pratik, louwanj ak respè. 

Atik 19 

Chak moun gen dwa a libète opinyon ak ekspresyon; dwa sa gen ladanl libète pou kenbe opinyon san enteferans epi chache, resevwa epi transmèt enfomasyon ak ide atravè nenpòt ki mwayen epi kont teni de fwontye yo. 

Atik 20

  1. Chak moun gen dwa a libète de asanble ak asosyasyon pasifik. 
  2. Yo pa dwe oblije pèsonn pou fe pati yon asosyasyon. 

Atik 21 

  1. Chak moun gen dwa pou fe pati gouvènman peyi li, dirèkteman oswa atravè reprezantiv ki te chwazi libreman. 
  2. Chak moun gen dwa a aksè egal ego a sèvis piblik nan peyi li. 
  3. Volonte moun yo dwe baz otorite gouvènman; volonte sa dwe eksprime nan eleksyon regilye ak eleksyon onèt ki dwe fèt pa yon sifraj inivèsèl epi egal ego e li dwe òganize pa vòt sekrè oswa pa pwosedi vòt lib ekivalan. 

Atik 22 

Chak moun, kòm manm sosyete, gen dwa a sekirite sosyal epi yo bal dwa a priz de konsyans, atravè demach nasyonal epi kolaborasyon entènasyonal e nan akò ak òganizasyon ak resous chak Eta, ekonomi, sosyal ak dwa kiltirèl endispansab pou diyitel e devlopman lib pèsonalitel. 

Atik 23 

  1. Chak moun gen dwa a travay, pou chwazi libe libè yon travay, a kondisyon de travay favorab epi pwoteksyon kont chomaj. 
  2. Chak moun, san okenn diskriminasyon, gen dwa a yon salè egal pou yon travay egal. 
  3. Chak moun ki travay gen dwa a yon reminerasyon ki jis e favorab pou garantil ak garanti fanmil yon ekzistans ki diy pou diyite imen, epi anrichi, si nesesè, pa lòt mwayen pwoteksyon sosyal. 
  4. Chak moun gen dwa pou fòme e asosye ak sendika pou pwoteksyon enterè li yo. 

Atik 24 

Chak moun gen dwa pou repoze epi pran plezi, ladanl limitasyon è de tan travay rezonab ak vakans peye regilye. 

Atik 25 

  1. Chak moun gen dwa a yon nivo de vi adekwa pou sante ak byen nèt li ak fanmi li, ladanl manje, rad, lojman ak swen medikal epi sèvis sosyal nesesè, ak dwa a sekirite nan ka chomaj, maladi, andikap, solitid, vyeyès oswa lòt mank de sibzistans nan sikonstans pi lwen ke kontwol li. 
  2. Yo bay matenite ak anfans dwa a swen ak asistans espesyal. Tout timoun, si li fèt andedan oswa deyo maryaj, dwe jwi menm pwoteksyon sosyal. 

Atik 26 

  1. Chak moun gen dwa a edikasyon. Edikasyon dwe gratis, o mwen nan etap elemantè ak fondamantal. Edikasyon elemantè dwe obligatwa. Edikasyon teknik ak pwofesyonèl dwe jeneralman disponib epi edikasyon siperyè dwe aksesib tou a tout moun sou baz merit. 
  2. Edikasyon dwe dirije a devlopman total pèsonalite moun epi ranfòsman respè dwa moun ak libète fondamantal. Sa dwe ankouraje antant, tolerans ak zanmitay nan mitan nasyon yo, group rasyal e relijye, epi sa dwe pwomouvwa aktivite Nasyon Zini pou konsevasyon la pè. 
  3. Paran yo gen yon dwa preyalab pou chwazi jan de edikasyon ke pitit pa yo ta dwe genyen. 

Atik 27 

  1. Chak moun gen dwa pou patisipe libreman nan lavi kiltirèl kominote, pou jwi a ak pataje nan pwogrè syantifik ak benefis li yo. 
  2. Chak moun gen dwa a pwoteksyon moral epi enterè materyèl rezilta de nenpòt ki pwodiksyon syantifik, literè oswa atistik ke li se otè. 

Atik 28 

Yo bay chak moun dwa a yon lòd sosyal e entènasyonal kote seri dwa yo ak libète yo ki prezante nan Deklarasyon sa ka realize konplètman. 

Atik 29 

  1. Chak moun gen devwa anvè kominote kote sèlman libète ak devlopman total pèsonalitel posib. 
  2. Nan ekzesis dwa li ak libètel, chak moun dwe sijè sèlman a jan de limitasyon sa yo jan yo etabli pa la lwa inikman pou objektif sekirize akòz rekonesans epi respè pou dwa ak libète lòt e rankontre ekzijans moralite jis, lòd piblik ak byen nèt jeneral nan yon sosyete demokratik. 
  3. Dwa sa yo ak libète sa yo pa dwe nan okenn ka ekzèsè kontrèman ak objektif e prensip Nasyon Zini. 

Atik 30 

Anyen nan Deklarasyon sa pa dwe entèprete kòm souzantandi pou okenn Eta, group oswa moun okenn dwa pou angaje nan okenn aktivite oswa reyalize okenn zak dirije a destriksyon nenpòt dwa ak libète ki prezante la. 


Pou plis enfòmasyon, silvouplè vizite: https://unicode.org/udhr/d/udhr_hat_popular.html

Ekstrè de Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun Nasyon Zini
Scroll to top
htHT

Looking for work abroad?

Download our app and apply!